Mesaj pou Nasyon an!

NOU PAP DÒMI

Solisyon kriz la se Ripti 

WhatsApp Image 2021-02-05 at 8.04.04 AM.jpeg

NOUPAPDÒMI ap salye laprès ansanm ak tout Ayisyen alawonnbadè. Nan moman ki pi difisil yo, NOUPAPDÒMI toujou kanpe kote popilasyon an pou reklame jistis ak dwa nou pou nou VIV. Lavèy finisman manda prezidansyèl la k ap bout 7 fevrye 2021, NOUPAPDÒMI vle lanse yon apèl bay popilasyon an pou l reveye l, pou l pa kite aferis politik tankou aferis nan sosyete sivil nan konplisite ak kèk aktè nan kominote entènasyonal la ki ap regle zafè pa yo, klete pòt ripti n ap chèche an. 

NOUPAPDÒMI te mande demisyon Jovenel Moïse nan tèt peyi a depi koumansman ane 2019, apre premye rapò Koudèkont lan te sòti sou jesyon lajan Petrocaribe a, ki te montre enplikasyon li nan gagòt dilapidasyon lajan ki te la pou itil popilasyon an nan pèskpektiv devlòpman.

Devan dimansyon skandal la, ajoute sou antesedan enplikasyon Prezidan an nan dosye louch ki te soti nan ankèt UCREF nan moman l te kandida, sou baz etik epi moral piblik, nou te ekzije Jovenel Moise demisyone pou pote tèt li bay lajistis jan sa te dwe fèt nan sitiyasyon sa a.

NOUPAPDÒMI pa janm rate okazyon, depi finisman ane 2019, alète n sou danje k ap menase nou pi plis si yon endividi ki gen tout akizasyon sa yo sou do li, anplis de move gouvènans li, ta rive dirije pou kont li san fren, ak dekrè an janvye 2020, lè manda konsititisyonèl depite ak kèk senatè yo bout.

Jounen jodi a, lavèy 7 fevriye, kriz k ap souke peyi a depi 6-7-8 jiyè 2018 la pran yon lòt faz. Menm atik ki te jistifye finisman manda senatè yo, jistifye finisman manda prezidansyèl la. Prezidan an dwe kite pouvwa a menm jan ak senatè yo. Se lalwa! Pa gen yon lwa pou peyi a, yon lwa pou Prezidan an. Baton ki bat chen nwa a se li ki pou bat chen blan an. 

Nou salye tout efò aktè nan sosyete sivil la ak aktè politik yo ap fè pou jwenn akò sou gouvènans peyi a apre manda prezidansyèl la fini. Se nou menm sitwayen konsekan ki pou pran desten peyi a nan men nou, san n pa kite ijans fè n al ipoteke avni peyi a. Yo pa bay chat veye mantèg. Nou fè eksperyans lan deja nou wè sa l bay.

NOUPAPDÒMI gen plis pase yon lane depi l pataje dokiman Egzijans pou yon Tranzisyon Ripti li bay pote non Tranzisyon 4R : Ripti, Redrèsman, Reyoryantasyon, Rigè. Nou kontan jwenn lide RIPTI a nan prèske tout dokiman sou gouvènans peyi a apre manda prezidan an fini. Sa montre gen yon konsansis pou n koumanse fè yon bagay nèf pou peyi a. Nou pa kondane pou nou viv nan koripsyon, enpinite, enjistis sosyal, latwoublay ak soudevlopman. Nou pèdi twòp tan deja. Chanjman an dwe kòmanse depi kounya.

Pèp ayisyen, NOUPAPDÒMI ap envite w rasanble, ou menm fanm, gason, tout ayisyen, kèlkeswa kote w ye nan mond lan, je w dwe fikse sou peyi w nan moman an. Je w dwe fikse sou avni nasyon an ki nan men politisyen ki pare pou mache sou san pou kenbe pouvwa a, pandan kèk lòt pare pou fè tou pa yo, e pran devan oswa bare lawout a moun epi inisyativ ki vle pote enterè peyi an tout bon. 

NOUPAPDÒMI pa rekonèt lejitimite rès senatè ki nan palman an, ni kèk aktè sosyete sivil ansanm ak kèk politisyen ki patisipe nan tout negosyasyon ak inisyativ gagòt ki mete nou nan kriz sa a pou òganize okenn dyalòg, ni jwe okenn wòl nan gouvènans peyi a apre manda prezidansyèl la fini. RIPTI a ap fèt tou ak tout moun, tout gwoup ki pat janm travay pou byennèt popilasyon an e ki gen men yo foure tout longè nan tout aksyon ki mennen nou nan deblozay jodi a. 

NOUPAPDÒMI kwè moman an rive pou gen yon feso, yon gwo elan nasyonal ak moun kredib, onèt pou redrese bak peyi a epi pwoteje lavi sitwayen yo. Moman an rive pou yon lòt gwoup moun deside kanpe, mete yo ansanm, òganize yo pou ofri peyi a yon lòt òf politik. NOU PAP DÒMI deside travay san pran souf pou kontribiye nan dinamik nouvo òf politik sa a, konstwi peyi nou vle a pandan n ap kontinye goumen e denonse sa nou pa janm vle wè ankò nan peyi nou. 

MOMAN RIPTI A RIVE. Nou p ap ka kontinye resikle menm vye pratik, ni menm moun ki toujou lage nou nan kriz yo. Vye alyans anba tab, eleksyon ki pa kredib, desizyon gwo ponyèt dèyè do popilasyon an, òganizasyon ki gen yon sèl moun ki pretann pale nan non sosyete sivil p ap ka kontinye konfiske politik pou enterè mesken yo nan moman ripti sa. 

Pèp Ayisyen pa dòmi! 

Ann met men pou n retire peyi a nan enpas sa! 

NOUPAPDÒMI !


WhatsApp Image 2021-02-05 at 8.04.04 AM.jpeg
Previous
Previous

Defend Haiti’s Democracy

Next
Next

Message des Évêques Catholiques d’Haïti (CEH)